Lè Dumarsais Estimé te mande chak Ayisyen ak Ayisyènn pou yo bay kontribisyon yo pou peyi a peye eskòmòtè nan entènasyonal la ki te enpoze n yon dèt, li pat nan vòlò ni li pat ap gaspiye resous peyi a. Ajoute sou sa, li te klè ke aksyon ak refòm ekonomik li tap antrepran n yo te bon pou peyi a. Se pou rezon są ki fè ke li antre nan listwa kòm yon nan pi gwo prezidan ki te dirije Ayiti.

Inisyativ sitwayènn ak angajman chak grenn Ayisyen ak Ayisyènn nan devlopman peyi yo se yon bon bagay pou n ankouraje. Men, fòk nou fè atansyon pou n pa deresponzabilize ak sitire vòlò, manfouben ak enkonpetan ki nan leta a. Nap rann peyi a plis sèvis si nou goumen pito pou se moun serye, onèt ak konpetan ki nan leta a. Nap rann peyi a plis sèvis si nou egzije moun ki nan leta byen jere resous peyi a. Nap rann peyi a ak tèt nou plis sèvis si n egzije moun ki nan leta byen jere lajan taks nou yo. Si nou fè tout sa yo, nap jwenn pi bon rezilta olye nap chache kreye yon leta paralèl. Nou pap ka fè konpetisyon ak leta a ni nou pap ka jwe wòl li nan fason nap fè l nan konstriksyon kanal Wanament nan ak anpil lòt inisyativ nap pran.

Rapò Koudèkont reyalize sou dosye petrokaribe a montre kòman yon bann moun ki te nan leta detounen, gaspiye, ak vòlò lajan sa. Pandan ke anpil nan moun sa yo ki site nan rapò yo ap byen viv nan tout enpinite, malere ak malerèz ap peye lajan sa nan taks yo pran sou yo. Jan anpil moun kwè sa, anpil nan lajan sa yo toujou la. Imajine n konbyen kanal, inèvisite, ak bon jan enfrastrikti nou te ka konstwi nan peyi a menm jan ak Repiblik Dominikèn? Ant pran lajan n ke n redi fè pou n finanse konstriksyon yon kanal ak mobilize pou n fè moun ki gen responsabilite nan leta byen jere peyi a, kisa kap pi bon pou Ayiti? Reflechi sou sa…

Esaie Boncoeur!

07/11/2023

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

%d bloggers like this: