MIKANÒ AK TOUT LÒT GANG YO VLE DISPARÈT NOU TOUT

MIKANÒ AK TOUT LÒT GANG YO VLE DISPARÈT NOUTOUT

Otè a: Patrice Dumont

Daprè plizyè sous, chèf gang Mikanò fè touye pou pi piti 184 granmoun fanm nan Site Solèy. Sa pase nan nuit samdi 8 ak lajounen dimanch 9 desanm nan. Kriyote gang Mikanò a depase pa gang Pòtoprens yo lè masak LaSalin 13 novanm 2018 la, ni pa gang Latibonit yo te fè kont popilasyon Ponsonde a, 3 oktòb ki sot pase la a. Vwala ke zye nou poko menm seche pou Site Solèy, nou aprann sanzave yo touye plis ke 10 moun nan Ti Rivyè Latibonit. Nan mitan mò sa yo gen timoun! Ala yon kalamite!

Konsènan masak Mikanò a, Konsèy Prezidansyèl la genyen yon reyaksyon ki bay sezisman lè yo di se yon “liy wouj bandi yo travèse”. Sa ta vle di plizyè milye krim bandi yo ap komèt nan peyi a depi plis ke 20 tan, yo pa t deja fè twòp!? Alaverite, zak gang yo pa gen non nan diksyonè kriminèl la.

Nan yon sans, krim an mas Mikanò ak bandi l yo sanble ak Nuit Kristal, masak kont Juif Nazi Itlè ak Gebèls te komèt an novanm 1938 an n Almay la. Nuit Kristal Nazi yo te fè plis ke 2500 mò. Men li te sitou kòmansman jenosid 6 milyon jwif.

Krim Mikanò yo, nan ti bout Site Solèy la, elimine yon sèl kou anviwon 200 granmoun fanm ak 2-3 granmoun gason. Si l te genyen mwayen Nazi yo, se tout granmoun fanm li t ap touye nan peyi a. Mezanmi, se krim sou krim wi! Nan tout peyi sou latè, krim sou fanm, krim sou timoun, krim sou granmoun, se abominasyon. Abi lach sa yo fè nou mal anpil. Fò yo peye pou sa.

Tout Ayisyen wè si gang yo poko touye noutout se mwayen yo poko genyen pou sa. Paske, sòti nan rale kòb sou moun, koupe pòch machann, rive nan detounen machin; sòti nan “zòn de non dwa” rive nan “wout nasyonal de non dwa”; sòti nan “kidnaping an seri rive nan kidnaping an mas”; de krim an mas a krim an mas; gang yo pa gen limit nan fè mal. Yo fin vale teren, yo vle vale peyi a ak tout moun ladann. Menmjan yo te rive yon lè kidnape yon sèl kou prèske 20 etranje, antre nan legliz, kraze legliz, kidnape pè, sè, pastè, tire sou avyon, nan faz yo rive la a, se asenal de gè y ap monte pou yo fini ak nou nèt. Gè dekstèminasyon se gè dekstèminasyon.

An konklizyon, li klè CPT a pa konprann nou nan yon kriz dekstèminasyon. Oubyen, se sinik yo sinik konsa! Se sa k fè y ap okipe separe lajan sèvis entèlijans antre yo, brake BNC ant yo 3, fè ti nòt deprès pèsonèl, fè awogans-chèlbè ak machin deliks nan lari. CPT a pa konprann fò k li bay bon ekzanp pou pèp la fè l konfyans, pou l patisipe nan batay la ansanm ak lame e lapolis. Menmjan se bon konpòtman chèf politik yo anjeneral k ap ankouraje polisye ak sòlda nan travay kwape gangstè yo. Yo pa ka ap mete lavi yo an danje pandan chèf politik gen konpòtman tankou lè gang ap filme tèt yo k ap konte kòb, kòmsi se yo ki Bank Santral la.

Nou vle di tout moun Site Solèy ak Ti Rivyè Latibonit, tout lòt kominote ki pèdi fanmi nan dezòd sa a : nen pran kou, je koule dlo. Noutout ap soufri ak yo. An n kole zepòl pou nou sòti nan labirent sa a.

Rameau Normil!

M. Rameau Normil, ou pa gen okenn responsabilite nan gang ki anvayi peyi a. Si se te pou ou, nou pa tap nan sa n ye la. Menm si ke m pa konnen w, men bon temwanyaj anpil moun fè de ou banm yon ide de kalite moun ke w ye. Pa kite okenn vagabon ak kowonpi ki nan medya, òganizasyon bidon ak raketè ki nan sosyete sivil la ak nan klas politik pouri a entimide w ak pwovoke w! Pa pran nan pwovokasyon ak manipilasyon!

Responsabilite ke w gen la pa piti. Enstitisyon ke w ap dirije a chaje polisye ki nan gang. Anpil nan moun ki sou tèt ou yo non sèlman gen gwo responsabilite nan kreye kawo sa, men yo pa vle pwoblèm ensekirite a rezoud tout bon vre. Fè sa ke w kapab ak mwayen ke w gen nan men w. E si w ta estime ke mwayen ke w genyen yo pap ka ede w nan bay bon jan rezilta nan konbat gang yo, demisyone. Nan ti bout tan ke w genyen depi ke w retounen nan tèt PNH la, li pratikman enposib pou w ta gentan mennen gwo operasyon lè nap konsidere gwo pwoblèm enstitisyon sa ke w ap dirije a genyen.

Pa prese al mennen okenn operasyon ki pa byen planifye! Menm si popilasyon an fatige ak gang kap teworize l chak jou, li preferab pou w pran plis tan nan byen planifye operasyon kap gen pou fèt yo men kap bay bon jan rezilta. Konsidere bon kritik ki ka ede w reyisi. Lè w fè erè ou dwe rekonèt sa epi pran dispozisyon pou w pa fè menm erè yo ankò. Mwen swete ak tout kè m ke w reyesi nan misyon difisil sa. Si w reyisi, lap bon pou peyi a espesyalman popilasyon an ki fatige ak gang kriminèl kap teworize yo chak jou. Bon konba!

Esaie N. Boncoeur

Dr. Jean Kechnor Edmond: Parcours d’un Combattant Aguerri de Torbeck.

En ce Mercredi ensoleillé du 10 Avril 2024, Jean Kechnor Edmond a soutenu à l’Institut des Sciences, des Technologies et des Études Avancées d’Haïti (ISTEAH) sa thèse de doctorat intitulée: “La déperdition scolaire au secondaire au regard d’une analyse des politiques publiques et éducatives et de la gouvernance dans trois écoles publiques du département du Sud d’Haïti”, pour l’obtention du grade académique de Docteur en Sciences de l’Éducation.

Continue reading Dr. Jean Kechnor Edmond: Parcours d’un Combattant Aguerri de Torbeck.

Jean Léopold Dominique: 24 ans après…

24 ans après l’assassinat de Jean Dominique, propriétaire de Radio Haiti Inter, et de Jean-Claude Louissaint, gardien de la station, le 3 avril 2000 devant les locaux de cette dernière, les auteurs de ce crime odieux sont toujours en liberté. Jean Dominique était un activiste et journaliste connu pour sa persistance, son courage de dénonciation et son amour démesuré pour son pays. Jusqu’à présent, le dossier est bloqué au niveau de la Cour de Cassation, 14 ans après que Mirlande Libérus Pavert, ancienne sénatrice du parti Fanmi Lavalas, ait produit une demande en récusation de la Cour d’appel de Port au Prince. Il faut rappeler que l’ancienne sénatrice avait été désignée par le juge Dabrésil comme étant l’auteure intellectuelle de ce double meurtre. À quand une décision de la Cour de Cassation?

Esaie N. Boncoeur

Le Département de la Sécurité Intérieure tente d’arrêter un flux constant d’armes depuis les États-Unis vers Haïti

Le DHS (Département de la Sécurité Intérieure) des USA tente d’arrêter le flux illégal d’armes de grande capacité depuis les États-Unis vers Haïti, à un moment où ce pays des Caraïbes est sombré dans la violence et de l’instabilité provoquées par les groupes et gangs armés.

Continue reading Le Département de la Sécurité Intérieure tente d’arrêter un flux constant d’armes depuis les États-Unis vers Haïti

Le retour du Premier ministre Ariel Henry en Haïti!

Après plusieurs mois en dehors du pays, le Premier ministre Henry est revenu en Haïti. Selon des informations obtenues de sources officielles, Dr. Henry est rentré au pays à bord d’un avion militaire. Pour l’instant, le Premier ministre se retrouve dans sa résidence officielle où il rencontre les ministres du gouvernement qu’il dirige pour statuer sur le CP d’après un proche collaborateur de M. Henry qui a voulu garder l’anonymat. Toujours selon cette source, le Premier ministre serait favorable à l’option de la Cour de Cassation.

Poisson d’avril

Inisyativ ak Angajman Sitwayen…

Lè Dumarsais Estimé te mande chak Ayisyen ak Ayisyènn pou yo bay kontribisyon yo pou peyi a peye eskòmòtè nan entènasyonal la ki te enpoze n yon dèt, li pat nan vòlò ni li pat ap gaspiye resous peyi a. Ajoute sou sa, li te klè ke aksyon ak refòm ekonomik li tap antrepran n yo te bon pou peyi a. Se pou rezon są ki fè ke li antre nan listwa kòm yon nan pi gwo prezidan ki te dirije Ayiti.

Continue reading Inisyativ ak Angajman Sitwayen…

Goudougoudou: 13 ane apre…

13 ane apre tranbleman tè 12 janvye 2010 la, kisa ki chanje nan gouvènans peyi a ak nan konpòtman sitwayen ak sitwayènn yo? Si yon lòt evenman ta pase ankò jodi a, konbyen sekouris nap gen nan peyi a ki pou ede sove lavi anvan lòt peyi vi n ede n? Konbyen kabann lopital kap disponib pou moun ki blese? Konbyen enfimyè ak doktè kap disponib pou swanye viktim yo?

Continue reading Goudougoudou: 13 ane apre…

Kontinye Chofe Ekip Nou!

Dènyeman se avèk anpil lapènn map tande temwanyaj plizyè fanm kap eksplike nan Jounal 4è Liliane prezante sou Radyo Kiskeya jan bandi touye mari yo, boule kay yo epi vyole yo devan pitit yo. Malerezman, krim sa pa fè twòp tole nan sosyete a paske anpil nan nou tap chofe Ayiti ki tap pral patisipe nan mondyal. M byen kontan Ayiti chanpyon. 

Continue reading Kontinye Chofe Ekip Nou!
%d bloggers like this: