MIKANÒ AK TOUT LÒT GANG YO VLE DISPARÈT NOUTOUT
Otè a: Patrice Dumont
Daprè plizyè sous, chèf gang Mikanò fè touye pou pi piti 184 granmoun fanm nan Site Solèy. Sa pase nan nuit samdi 8 ak lajounen dimanch 9 desanm nan. Kriyote gang Mikanò a depase pa gang Pòtoprens yo lè masak LaSalin 13 novanm 2018 la, ni pa gang Latibonit yo te fè kont popilasyon Ponsonde a, 3 oktòb ki sot pase la a. Vwala ke zye nou poko menm seche pou Site Solèy, nou aprann sanzave yo touye plis ke 10 moun nan Ti Rivyè Latibonit. Nan mitan mò sa yo gen timoun! Ala yon kalamite!
Konsènan masak Mikanò a, Konsèy Prezidansyèl la genyen yon reyaksyon ki bay sezisman lè yo di se yon “liy wouj bandi yo travèse”. Sa ta vle di plizyè milye krim bandi yo ap komèt nan peyi a depi plis ke 20 tan, yo pa t deja fè twòp!? Alaverite, zak gang yo pa gen non nan diksyonè kriminèl la.
Nan yon sans, krim an mas Mikanò ak bandi l yo sanble ak Nuit Kristal, masak kont Juif Nazi Itlè ak Gebèls te komèt an novanm 1938 an n Almay la. Nuit Kristal Nazi yo te fè plis ke 2500 mò. Men li te sitou kòmansman jenosid 6 milyon jwif.
Krim Mikanò yo, nan ti bout Site Solèy la, elimine yon sèl kou anviwon 200 granmoun fanm ak 2-3 granmoun gason. Si l te genyen mwayen Nazi yo, se tout granmoun fanm li t ap touye nan peyi a. Mezanmi, se krim sou krim wi! Nan tout peyi sou latè, krim sou fanm, krim sou timoun, krim sou granmoun, se abominasyon. Abi lach sa yo fè nou mal anpil. Fò yo peye pou sa.
Tout Ayisyen wè si gang yo poko touye noutout se mwayen yo poko genyen pou sa. Paske, sòti nan rale kòb sou moun, koupe pòch machann, rive nan detounen machin; sòti nan “zòn de non dwa” rive nan “wout nasyonal de non dwa”; sòti nan “kidnaping an seri rive nan kidnaping an mas”; de krim an mas a krim an mas; gang yo pa gen limit nan fè mal. Yo fin vale teren, yo vle vale peyi a ak tout moun ladann. Menmjan yo te rive yon lè kidnape yon sèl kou prèske 20 etranje, antre nan legliz, kraze legliz, kidnape pè, sè, pastè, tire sou avyon, nan faz yo rive la a, se asenal de gè y ap monte pou yo fini ak nou nèt. Gè dekstèminasyon se gè dekstèminasyon.
An konklizyon, li klè CPT a pa konprann nou nan yon kriz dekstèminasyon. Oubyen, se sinik yo sinik konsa! Se sa k fè y ap okipe separe lajan sèvis entèlijans antre yo, brake BNC ant yo 3, fè ti nòt deprès pèsonèl, fè awogans-chèlbè ak machin deliks nan lari. CPT a pa konprann fò k li bay bon ekzanp pou pèp la fè l konfyans, pou l patisipe nan batay la ansanm ak lame e lapolis. Menmjan se bon konpòtman chèf politik yo anjeneral k ap ankouraje polisye ak sòlda nan travay kwape gangstè yo. Yo pa ka ap mete lavi yo an danje pandan chèf politik gen konpòtman tankou lè gang ap filme tèt yo k ap konte kòb, kòmsi se yo ki Bank Santral la.
Nou vle di tout moun Site Solèy ak Ti Rivyè Latibonit, tout lòt kominote ki pèdi fanmi nan dezòd sa a : nen pran kou, je koule dlo. Noutout ap soufri ak yo. An n kole zepòl pou nou sòti nan labirent sa a.