Depi avan yo te asasine ansyen prezidan Jovenel Moïse, gen yon gwoup sitwayen Ayisyen ki soti nan plizyè sektè ak pati politik nan peyi a ki te deside mete tèt yo ansanm pou yo jwenn yon akò politik pou evite ke se kominote entènasyonal la ki enpoze n volonte yo. Se konsa, apre anpil chita pale, ansanm sektè sa yo rive jwenn yon akò ki pote non “Akò Montana”. Kontrèman ak jan sa konn abitye fèt, reprezantan sektè ki nan akò a chwazi nan tout transparans nan yon eleksyon endirèk ki te òganize 30 janvye 2022, Fritz Alphonse Jean ak ansyen senatè Steven Benoit nan lide pou yo ta dirije tranzisyon koupe fache a pandan 2 ane. Malerezman, gen anpil moun nan peyi a ki pat byen konprann demach yo a. 

An reyalite, Akò Montana se yon bèl egzèsis demokratik. Se pat anba tab ni se pat yon “Ti David” ki te deside poukont li enpoze volonte l ak tout yon peyi. Jan nou te di sa deja, se yon ansanm oganizasyon nan sosyete sivil la ak plizyè pati politik ki te deside mete tèt yo ansanm pou yo adrese pwoblèm peyi a. Malerezman, yo pat gen mwayen politik pou yo te enpoze chwa yo te fè yo ak peyi a. Nan sans sa, yo te deside pou yo kontinye dyaloge ak lòt sektè nan peyi a nan lide pou yo te jwenn yon akò ki pi laj. Se konsa, apre anpil rankont, yo te pral aksepte modifye akò yo a pou yo te rele l Akò Montana/Pen. Nan akò sa, olye de yon prezidan ak yon premye minis jan yo te swete fè sa anvan, yo te aksepte pou se yon kolèj prezidansyèl ki gen 5 moun ki pou dirije tranzisyon an.

Pèsonèlman, mwen pat retwouve m nan nouvo fòmil sa. Men mwen te konprann ke lè w nan negosyasyon se pa tout sa w vle oubyen w ta renmen ke wap jwenn. Malgre tout enpèfeksyon Akò Montana/Pen ki modifye a, li se yon nan sèl akò ki gen yon ajenda ki byen defini. Sak pi enpòtan, gen anpil pèsonalite ki ladan l ke sosyete a oubyen peyi a ka fè konfyans. Gen moun ki pap pataje pozisyon sa. Dayè, m pa tap janm atann mwen ak sa menm si ke se sa ke m ta swete. Mwen pa di ke tout moun ki nan Montana se inosan, men nan tout kritik ke m tande yo, m pa tande ke yo di yo te nan vòlò lajan peyi a oubyen nan kòkòday ak bandi.

Gen anpil tantativ ki fèt e kap kontinye fèt pou eseye kraze Akò Montana. Gen yon seri de moun ki kritike akò a paske yo di ke li pa reprezantatif. Sa pou nou konprann sèke moun sa yo pa tap janm antre nan akò a si se pa yo ki gen kontwòl li. Koronpi ak eskòmantè sa yo pap janm sipòte okenn pwojè serye. Se pou rezon są ki fè yap mete tout fòs yo deyò pou yo chache kraze ak dekredibilize Akò Montana. Batay pou chanje Ayiti a pa fasil. Vòlò ak kriminèl yo telman anpil, li mande anpil volonte, detèminasyon ak mwayen pou nou kontrekare yo. 

Gouvènman ke Premye minis defakto Ariel Henry ap dirije a pa gen kapasite pou li rezoud kriz nou gen la. Chak jou ki pase, sitiyasyon an ap vi n pi mal. Lekòl pap fonksyone, anpil lopital pa ka resevwa moun ki bezwen laswenyaj paske yo pa gen gaz pou yo fonksyone. Gang ak kriminèl lajounen tankou nan nwit ap teworize popilasyon an. Fas ak yon sitiyasyon konsa, nou panse ke Premye minis Ariel Henry ak tout gouvènman lap dirije a dwe demisyone. Nan sans sa, nap ankouraje l chita ak reprezantan Akò Montana yo pou yo jwenn yon fòmil pou li kite pouvwa a. Moman pou tranzisyon koupe fache a rive. Akò Montana se sèl zouti nan moman sa ki ka ede peyi a soti nan sitiyasyon kawotik sa. Nou pa di ke Montana a pral rezoud tout pwoblem peyi a, men lap ede nou adrese kèk pwoblèm estriktirèl ki anpeche peyi a vanse. Alòs, nap ankouraje tout moun ki pa renmen wout peyi a ap pran an pou yo sipòte tranzisyon coupe fache a.

Esaie N. Boncoeur

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

%d bloggers like this: