Esaie N. Boncoeur

Li tap pi bon si aktè politik ak sosyete sivil yo te ka mete tèt yo ansanm pou yo rezoud kriz sa kap ravaje peyi a chak jou pi plis. Malerezman, aktè yo pa gen kapasite sa. Se pa paske nou pa gen moun ki serye, onèt epi ki gen konpetans, men pito paske gen twòp moun ak sektè nan peyi a ki pap janm sipòte yon pwojè ki serye e ki nan enterè Ayiti. Sa ki pi grav la, moun sa yo gen kapasite pou yo fè echèk ak tout initiativ serye. Yo gen kapasite pou yo dekredibilize tout mouvman ki vize adrese pwoblèm reyèl peyi a.

Nan nivo nou rive la, nou pap ka rezoud pwoblèm yo poukont nou. Nap gen bezwen asistans kominote entènasyonal la. Se pou rezon sa ki fè ke mwen sipòte demand asistans sekiritè ke gouvènman Mesye Ariel ap dirije a fè ak Nasyozini. Kontrèman ak anpil moun kap pale de okipasyon, m pa kwè ke sa li ye. Nan nivo ensekirite a rive la, pa gen okenn gwoup oubyen pati kap ka dirije peyi sa san asistans sekiritè sa. Sa ki enpòtan pou n ta rive fè jodi a, se ta jwenn yon akò politik pou nou defini misyon ak dire asistans sa. Fòk nou ta tou pwofite pou nou fè yon gwo netwayaj nan lapolis la ak nan lajistis peyi a. Lap enpòtan tou pou n fè yon gwo dezameman nan peyi a. Gen twòp zam ilegal ki an sikilasyon. Fòk nou retire tout zam sa yo nan men bandi ak moun ki pa gen dwa posede yo. Malgre tout pwoblèm ki egziste ant peyi Larisi ak Etazini, sa pa anpeche ke yo kowopere nan yon pakèt domèn. Tout peyi se enterè yo yap defann nan rapò yo ak lòt peyi. Toutotan ke se vagabond, kowonpi ak enkonpetan kap dirije peyi a, kominote entènasyonal la ap toujou konsidere n tankou yon bann parya. Men, si nou chwazi moun ki onèt, serye ak konpetan, moun ki renmen Ayiti ak moun ki gen diyite ki pou dirije peyi a, lòt peyi ap respekte n.

Bahamas ki tou pre nou an se yon pèp nwa menm jan ak nou. Yon Bahamien ka vwayaje nan plis ke 100 peyi san viza. Si nou te byen jere peyi nou, si n pat gen twòp vòlò ak eskòmantè ki dechèpiye leta ak kraze tout enstitisyon nan peyi a, nou pa tap gen tout konpatriyòt nou yo kap mouri nan chache lavi miyò nan lòt peyi. Oubyen, menm jan ak Bahamas ak yon pakèt lòt ti peyi ki nan karayib la, Ayisyen te gen dwa sikile san twòp restriksyon nan yon pakèt lòt peyi. Mwen pran egzanp Bahamas la pou 2 rezon: 1) paske m gen yon ide sou fonksyonman peyi a. Mwen fè yon ane ap travay nan anbasad Ayiti ki nan Bahamas kòm Konseye. 2) Pou m di n ke se nou menm ki premye responsab de eta Ayiti. Si n te byen dirije peyi a, li pa tap nan eta ke l ye la. Se pa kominote entènasyonal la ki se premye responsab de echèk nou. M pa gen okenn dout sou wòl yo nan sipòte rejim sanginè ak kowonpi. Men fòk nou onèt pou n di ke si yo pat jwenn konplisite anpil konze nan peyi a, li pa tap fasil pou yo enfliyanse politik entèn peyi a konsa. Yo pa toujou reyisi nan enpoze n tout sa yo vle. Yo te vle enpoze n Bazin, nou chwazi Aristide. Menm jan nou te anpeche yo enpoze n Bazin, nou te ka anpeche yo enpoze n Martelly si n te vle. Malerezman, se avèk tristès m tap gade yon pakèt jenn fanm ak gason nan tout peyi a kap chante “Preval ale, chawony pran pouvwa”. Se są nap peye jounen jodi a. Malerezman, janm di sa deja, nou pap ka soti poukont nou nan sa n ye la. Nap gen bezwen asistans ak sipò kominote entènasyonal la espesyalman nan domèn sekirite. Kontrèman ak anpil moun kap pale de okipasyon, mwen pa kwè ke se sa li ye. Mwen plis kwè ke sa rantre nan kad kowoperasyon ant Ayiti ak kominote entènasyonal la. Kowoperasyon pa menm bagay ak okipasyon.

Esaie N. Boncoeur
Esaie N. Boncoeur

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

%d bloggers like this: