Dènyeman se avèk anpil lapènn map tande temwanyaj plizyè fanm kap eksplike nan Jounal 4è Liliane prezante sou Radyo Kiskeya jan bandi touye mari yo, boule kay yo epi vyole yo devan pitit yo. Malerezman, krim sa pa fè twòp tole nan sosyete a paske anpil nan nou tap chofe Ayiti ki tap pral patisipe nan mondyal. M byen kontan Ayiti chanpyon. 

Jeneralman, moun ki nan pouvwa renmen peryòd sa yo. Lè nap chofe ekip nou ak lè nap danse kanaval nou pa bezwen konnen sa kap pase nan peyi a. Ki mele n! Malerezman, nou gen yon pakèt enfliyansè inyoran, demagòg ak koronpi Ayisyen kap ankouraje n konsome dechè pou n ka toujou rete zonbi. Gen ladan yo ki tèlman konfòtab, yo ankouraje n achte pwodwi pou n chanje koulè po n pou n ka vi n blan menm jan ak yo.

Nou pa gen inivèsite, nou anvayi Sendomeng; nou pa gen kouran, nou achte ti pano solè n, envètè ak ti dèlko nou. Nou pa ka fè pwogram Ayiti, nou al fè l Sendomeng. Nap egzije Sendomeng, Etazini ak anpil lòt peyi bagay yo pa dwe nou. Alòske, moun ki kontribiye nan sitiyasyon nou ye la ak vrè moun ki dwe n yo, nonsèlman nou pa egzije yo anyen, men nou fè yo pase pou viktim. Jounen jodi a, gen plis Ayisyen ak Ayisyènn ki rayi Andre Michel ke Martelly. E si se pat asasina Jovenel la, li tap gen anpil chans pou l prezidan ankò. 

Kontinye kwè nou se moun! Kontinye chofe ekip nou! 

Esaie N. Boncoeur
Esaie N. Boncoeur

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

%d bloggers like this: