Nan lannwit jedi 20 rive vandredi 21 octòb, 2022, moun yo pa rive idantifye asasinen militan politik Jean Denis Joseph. Kèk jou anvan zak kriminèl sa, Jean Denis te patisipe nan emisyon Maten Deba kote ke l tap reyaji sou atak ki te fèt sou Magalie Habitant nan yon manifestasyon ki tap fèt nan Pétion-Ville. Lè Jean Denis tap reyaji sou sak te pase Madan Habitant an, si yon moun tap obsève byen, li tap ka wè yon Jean Denis ki te panike. Yon Jean Denis ki tap eseye lave men l tankou yon Ponce Pilate. Siman, li te rekonèt gwo menas ki te peze sou lavi l. Lè m vi n aprann nouvèl asasina militan politik la, mwen reyalize ke l tap eseye atire atansyon sosyte a sou gwo menas ki te peze sou tèt li lè l tap patisipe nan Maten Deba. Malerezman, sosyete a pat konprann sa. 

Ki moun ki ta gen enterè nan zak asasinay sa? Eske, jan anpil mou vle fè kwè sa, sa ta gen pou wè ak manifestasyon ki tap fèt kont gouvènman ke Mesye Ariel Henri ap dirije a? Pèsonèlman, m pa kwè ke Jean Denis te reprezante yon menas pou gouvènman sa ki la jiskaske pou yo ta asasinen l. Ki lòt moun oubyen sektè ki ta responsab de zak asasinay sa ? Nan anpil kòmantè mwen li sou rezo sosyal yo, gen anpil moun ki ta vle fè kwè ke asasina Jean Denis gen pou wè ak agresyon ki te fèt sou Magalie Habitant. Nap raple ke Madan Habitant te akize Jean Denis nan vyolans fizik ki te fèt sou li a. Lè mwen te apènn aprann nouvèl la, se te premye bagay ki te pase nan tèt mwen. Malerezman, mwen pa gen ase enfòmasyon ak prèv pou m ta konfime sa. Pou rezon sa, map jis kontante m poze kesyon sa yo : Eske se yon solda ki vle montre patwon oubyen patwòn nan lwayote l ki poze zak sa ? Eske se ta patwon oubyen patwòn nan ki kòmande zak asasinay la ? Eske se ta patwon an ki deside vanje patwòn nan ? Domaj, nou pa gen repons ak kesyon sa yo. Alòs, nap swete ke DCPJ oubyen lajistis tande tout moun ki ta gen pou wè nan zak asasinay sa ki fèt sou militan politik Jean Denis. Si n chache byen, nap jwenn otè entèlektyèl ak otè materyèl zak krimininel sa. DCPJ ak lajistis, jwèt pou nou…

Esaie N. Boncoeur
Esaie N. Boncoeur

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

%d bloggers like this: