13 ane apre tranbleman tè 12 janvye 2010 la, kisa ki chanje nan gouvènans peyi a ak nan konpòtman sitwayen ak sitwayènn yo? Si yon lòt evenman ta pase ankò jodi a, konbyen sekouris nap gen nan peyi a ki pou ede sove lavi anvan lòt peyi vi n ede n? Konbyen kabann lopital kap disponib pou moun ki blese? Konbyen enfimyè ak doktè kap disponib pou swanye viktim yo?

Gen yon pakèt lòt kesyon ke m te ka poze, men map rete sou sa yo sèlman. An reyalite, nou bay rezon pou tout lòt peyi konsidere n tankou yon bann initil. Efektivman, nou se yon bann initil. Yon bann avadra ak parya ki pran yon si bèl peyi nou demantibile l. Nou champyon nan vòlò! Nou chanpyon nan radote! Nou chanpyon nan kraze brize! Nou chanpyon nan fè malpwòpte! 

M ta renmen konnen kisa yon moun ki premye minis, minis ak direktè jeneral ap regle nan peyi sa. Si n te konn wont, si n te gen diyite ak nen nan figi n, se kache pou n ta kache lè n wè moun. Gade kòman frè n ak sè n ap goumen pou yo fè paspò yo  pou yo kite peyi a ban nou. Sa pa di n anyen! Sèl sa ki enterese n se kontinye vòlò. Jounen jodi a, olye pou n ta pran konsyans de mal nou fè peyi a, nou kontinye ap dechèpiye l pi plis ankò.

Yon nan pwen ki te nan premye akò Ariel te pibliye nan jounal ofisyèl peyi a pa aplike. Jounen jodi a, li jwenn yon bann malpouwont ak koronpi al siyen yon lòt akò ak li pou li ka kontinye rete nan tèt peyi a menm si l pap regle anyen. Nan jou kap vini la yo, yo pral bay chak ti vòlò yo yon direksyon jeneral oubyen yon ministè pou yo ka al plen pòch yo. Bann san koutya! 
Yon panse espesyal pou tout viktim tranbleman tè 12 janvye 2010 la. 

Esaie N. Boncoeur
Esaie N. Boncoeur

12 janvye 2023

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

%d bloggers like this: